“Le Core Groupe” ap fè sanblan mete presyon sou Leta Ayisyen pou vanse ak strikti òganizasyon eleksyon yo

292

11\27\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) “Le Core Groupe” ki gen zantray li ki makònen ak peyi tankou Etazini, Lafrans, Inyon Ewopeyèn, OEA, Repezantasyon Sekretè Jeneral Nasyon Tèt Kole yo, Espay, Kanada, Brezil ak Almayn fè sòti mèkredi 25 novanm 2020 an, yon nòt kote ke li swete wè Ayiti pou ane 2021 an yon eta ki dote de yon renouvèlman demokratik ou yon mache prese nan preparatif eleksyon yo.

Manm “Le Core groupe” ankouraje dirijan ak enstitisyon nan peyi a pou bay dèyè yo 2 tap prese prese ak demaraj ou piblikasyon kalandriye elektoral la, avanse aèk kàt idantite nasyonal yo yon fason pou konplètman fini alè lis elektoral ki kredib. Konsa, prensip reglemantè ak lwa pati yo ap kapab garanti transparans eleksyon yo e ak ase kondisyon sekirite pou yon pi bon prosesis elektoral.

Konsa, group ki fè tèt li pase kòm dirijan peyi Dayiti a, ankouraje tout lòt pati anndan peyi a pou yo angaje yo nan dyalòg avèk bonjan sans responsablite pou bay pèp ayisyen an sèvis. “Se atravè efò ak angajman konsète tout fòs nan nasyon an ke eleksyon yo ap kapab fasilite yon eventyèl retou nòmal enstitisyon yo pou byenèt kolektif pèp ayisyen.

Comments are closed.