Eleksyon 13 desanm nan anba gwo dout : KEP a pwolonje dat enskripsyon yo, pandan presyon ap monte sou gouvènman an

10/07/2026
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a ta sou wout pou l chanje dat eleksyon yo te prevwa pou 13 desanm 2026 lan, pou yo ta ranvwaye yo pou oktòb 2027, daprè enfòmasyon k ap sikile. Pandan gouvènman an ap fè fas ak gwo difikilte pou mete pwosesis elektoral la sou ray, gen yon veritab bouch long ant otorite egzekitif yo ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), pandan anpil moun ap tann yon pozisyon ofisyèl sou sò kalandriye elektoral la. Nan yon nòt pou laprès, KEP a anonse plizyè chanjman nan kalandriye pwosesis la, sitou apre kèk dispozisyon ki modifye nan dekrè elektoral la.
Pami mezi KEP a pran yo, peryòd enskripsyon kandida yo sou entènèt ansanm ak peryòd pou depoze pyès kandidati yo pwolonje jiska 31 oktòb 2026. Daprè KEP a, desizyon sa a fèt pou bay kandida yo ak òganizasyon politik konsène yo plis tan pou ranpli tout fòmalite ki nesesè yo. Konsèy la anonse tou li repòte peryòd kanpay elektoral la, pandan yon nouvo dat pou kòmansman ak finisman kanpay la ap kominike pi devan. KEP a fè konnen l ap travay pou finalize yon kalandriye elektoral aktyalize, an fonksyon nouvo dispozisyon dekrè elektoral la ansanm ak egzijans teknik ak operasyonèl pwosesis la.
Pandan konfizyon an ap grandi, kritik kont gouvènman defakto a ap vin pi fò. Gen sektè ki akize ekip Alix Didier Fils-Aimé a dèske li pa rive bay rezilta yo t ap tann yo, pandan yo sispèk otorite yo ta ka chèche pwolonje tan yo nan tèt peyi a. Plizyè vwa ta deja kòmanse mande depa Premye Minis la ansanm ak lòt manm gouvènman an, sa ki kapab louvri pòt pou yon lòt tranzisyon politik.
Nan yon peyi ki deja ap fè fas ak yon kriz politik, ekonomik ak sekirite ki pwofon, kesyon prensipal la rete menm jan an : kijan aktè politik yo ak lòt sektè nan sosyete a pral rive jwenn yon antant pou retire Ayiti nan kafou li ye a, pandan dat eleksyon yo ap vin pi ensèten chak jou? Ki avni Ayisyen nan fason dirijan yo ap mennen peyia la?






