Popilasyon ajantin an di Diego Maradona babay!

264

11\26\20

Ajantin____(TriboLAND) Yon jou aprè ke yo te anonse lanmò ikonn ou majisyen foutbòl la, plizyè milye fanatik tout kalite an antame yon 3 jou dèy nasyonal ki dekrete pou rann omaj a Diego A. Maradona, yon Dye pou anpil malad boul atravè lemonn. Yo pase devan sèkèy gro mapou boul la ki te plase nan antre Casa Rosada, palè prezidansyèl la.

Vizit pou wè sèkèy la nan Casa Rosada te kòmanse byen bonè nan maten jodi jedi 26 novanm 2020 an, avan kèk èd tan prive pou fanmiy ak zanmi raproche defen an. pitit fi li yo, manm fanmiy ak ansyen madanm li, Claudia Villafare ki te ansanm ak Dalma e Gianinna ki se pitit Maradona. Answit, ou pral vinn jwen yon lòt ansyen madanm Vernica Ojeda ansanm avèk pitit gason defen an, Dieguito Fernando.

Konsa, ou vinn jwen pasaj tout ansyen ko-ekipye Mondyàl 1986 la ki genyen moun tankou Oscar Ruggeri. Plizyè lòt jwè foutbòl tankouCarlos Tvez, Boca Juniors te fè ak prezans. Kèk tan aprè, prezidan ajantin an, Alberto Fernandez te vinn rive e li te depoze sou sèkèy lejann nan yon mayo Junior Ajanten, premye klub profesyonèl Maradona.

Anpil moun te arive fè konfrontasyon ak polis ki tap eseye mete lòd. Fòs lòd yo te oblije itilize gaz pou tanporize foul moun yo ki te enkontrolab. Fanatik malad boul tap fè beze bay sèkèy Maradona a ki te kouvri ak drapo nasyonal ajantin nan e ki te genyen nimero 10 Diego a sou li. Anpil nan yo te senpleman fèmen 2 men yo sou lestomak yo e yo tap rele Ale Diego!

Reyaksyon pa sispan miltipliye atravè lemonn sou lanmò mapou roule boul la ke anpil moun konsidere kòm youn pami Dye foutbòl la.

Nan peyi End, omaj yo pa sispann miltipliye, notamman nan Eta Kerala kote ke moun nan popilasyon mare ren yo ak nouvèl disparisyon “Pibe de Oro” a ki te vizite yo nan lane 2012. “Li te la; BonDye nou an te vizite nou la, e li te devan nou an pèsòn lòske li te antre,” daprè plizyè fanatik pami yon radmare fanatik ak jounalis ki te mase devan otèl Blue Nile nan Cannanore nan sid peyi End kote ke Maradona te depasaj nan chanm 309, ke jiska prezan yo konsève tout sa vedèt ajanten an te itilize pandan pasaj li kòm relik. “Nou te konsève kouvè, sèvyèt, e menm bouke flè ke nou te ofri li pandan sejou li nan otèl la,” daprè propriyetè otèl la, ki se Ravindran Veleimbra.

Prezidan Emmanuel Macron konsidere lejann Diego kòm yon “souveren enkonteste pou jwèt boul la”, “yon jwè patannte ak enprevizib”, “yon dansè kranpon” ou “yon atis ki enkane maji jwèt boul la.” “Men BonDye te depoze yon jeni foutbòl sou tè a; li pran’l nan men nou koulya, se yon trib sanzantan ki tronpe vijilans tout liyn defans nou yo,” daprè prezidan fransè a ki tap itilize anpil metafò nan omaj li tap bay ak disparisyon Maradona.

Reyaksyon yo sou lejann nan fè krèy! Kòmanse sou Wa Foutbòl la “Pélé” e pase sou yon seri gro omaj prezidansye è l pase sou enstitisyon tankou FIFA ak yon latriye Club Sportif e pou rive sou fanatik mondyàl yo, pa gen bouch pou pale.

Kò san vi Maradona nan yon kòtèj prezidansyèl te rive nan palè prezidansyèl ajantin nan nan lanwit yèswa. Plizyè santèn krèy Gran Toryan Balon Ron ak fanatik te deja pozisyone yo devan “Casa Rosada” pou rann yon dènye omaj a idòl la. Aloske otorite peyi Ajantin yo dekrete 3 jou dèy nasyonal pou di “ce n’est qu’un au revoir” a ikon ki te 2 je nan tèt pèp ajantin nan.

Diego A. Maradona gen pou li antere nan “Jardin de Paix” nan Bellavista nan nòdès kapital ajantin nan, menm kote paran li yo ap repoze

Comments are closed.