Direktè defakto PNH la, Léon Charles deside revoke polisye manm Fantom 509 yo

413

03/23/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè soti nan dàt 22 màs 2021 an, Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti denonse group “Fantom 509” kòm gwoup kriminèl ou teworis ki responsab asasinay polisye Pierre Mystal Richard e blese yon lòt polisye pandan manifestasyon lendi 22 màs 2021 an nan Delma.

Selon kominike PNH la, enstitisyon an ap antrepran yon seri pouswit legal kont manm gwoup Fantom 509 yo e revoke ou depoze kò polisye a ke yo idantifye kòm asosyasyon kriminèl la. Direksyon an deklare ke l’ap pwosede ak arestasyon nenpòt ki moun ki tante itilize inifòm lapolis la aprè revokasyon yo.

Antouka, daprè kominike PNH la, gwoup kriminèl la arive materialize menas ke kòwòdonatè SPNH la, Jean Elder Lundi t’ap pwomote nan lapwès.

Comments are closed.