Lajistis mete entèdiksyon “vole gagè” kont yon ansyen sibtiti komisè gouvènman pakè Pòtopwens

856

07-24-2023

Ansyen sibtiti komisè gouvènman pakè Pòtopwens la, Mèt Lucnas Étienne jwenn entèdiksyon bò kote Lajistis pou li pa kite peyi Dayiti ni pa lanmè, pa latè ou pa lèzè.

Dispozitif sila pran, aprè ke Mèt Étienne te deside libere san desizyon lajistis yon prevni ki pote non Bonnet Vanol, e ki toujou genyen dosye li nan tiwa kabinè enstriksyon.

Antouka, responsab yo kenbe zonbi Mèt Étienne, akoz li ta enplike nan trafik enfliyans ak kòripsyon, daprè yon nòt “fèmen baryè” ke komisè gouvènman, Mèt Edler Guillaume adrese bay otorite imigrasyon ak emigrasyon ki egzije entèdiksyon pou Mèt Étienne pa vole gagè.

Comments are closed.