Ayiti mete entèdiksyon pou vòl kap soti nan kèk lòt peyi pa touche tèritwa li

0 303

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pou ede peyi a pare kou kont Kowonaviris la, chèf gouvènman ayisyen an Jouthe Joseph anonse entèdiksyon vòl avyon an repiblik dominikènn pou 2 pwochènn semènn yo.

Depi se vòl kap soti an Ewop, Repiblik Dominikènn, Kanada, ak Amerik Latenn, yo tout gen entèdiksyon pou yo pa antre anndan peyi Dayiti nan 2 pwochènn semènn yo. Yon parèy desizyon ap antre anvigè apati Lendi 16 Mas 2020 vè minwi,” dapwè Pwemye Minis Joseph ki konfime egalman ke vòl komèsyal kap soti nan peyi Etazini yo ap toujou operasyonèl apwè yon antant ak otorite amerikènn yo.

“Konsa, otorite amerikènn yo ap gen pou fè tès depistaj avan debakman pasajè e Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ap gen egalman pou teste pasajè kap rive ou antre nan peyi a”, dapwè Pwemye Minis Jouthe Joseph nan yon kwen pwès apwè midi jodi Dimanch 15 Mas 2020 an. Gouvènman Ayisyen an entèdi tout anplwayè leta pati kite peyi a egalman.

Leave A Reply