Dezyèm chèf gang Raboto a pran nan pèlen nan komin Bonbadopolis

3,374

12/13/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Fòs sekirite Nòdwès yo ap miltipliye mileyàj yon fason pou pa kite pichon gang lan pwopaje e arive mete men nan pat kasav yo ki epapiye atravè depatman an. Konsa, ajan UDMO, BLTS ak konplisite komisè gouvènman vil Pòdpè a, Mèt Jean Volney Bellamin te pran wout Ba Nòwès pou yo nan kàd chèche konbat aktivite gang kap taye banda nan zòn Ti Salin, yon lokalite bandi gran chemin achte lajan kontan.

Enfòmasyon ki arive jwen sal redaksyon TRiboLAND, otorite Nòdwès yo arive enstale yon nouvo baz BLTS nan kanton an yon fason pou limite aktivite gang ki pa sispan teworize ak ransone abitan yo.

Akote sa, popilasyon an nan Bonbadopolis mete men 8 desanm dènye nan pat kasav dezyèm chèf gang Raboto a, Richecarde Archelus ki te toujou ap teworize e menm fèmen lekòl nan komin nan. Archelus ke yo ta akize kòm yon anjandre ki touye deja yon latriye moun nan depatman Latibonit, twouve li anba men otorite Bonbadopolis yo, e genyen pou transfere Pòdpè yon manyè pou remèt otorite depatman Latibonit yo pwezume kriminèl la pou swit legal yo.

Comments are closed.