Ipokrizi Sòsyè : LONU deklare ke yo genyen gwo tèt chaje parapò ak entegrasyon ti moun yo nan divès gang ame

3,021

05-07-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Pòt pawòl Òganizasyon Nasyon-Zini nan kapital peyi Dayiti, fè konnen ke yo genyen gwo kè sote parapò ak entegrasyon ti divès ti lèzanj nan plizyè gwoup gang ame anndan peyi a.

Li enpòtan pou sonje, Asanble Jeneral Nasyon-Zini, nan dat 25 me 2000 te adopte 2 pwotokòl fakiltatif kote yo ta pral entèdi entegrasyon ti moun piti nan konfli ame. Fenomèn anboche ti lèzanj nan aktivite banditism, gang ame ou kidnapping, dapwè pòt pawòl la, bay anpil tèt chaje ak lawouli. Dayè, li deja lage nan yon peryòd dis lane patikilyèman nan dènye moman yo plis pase 48 lekòl, 5 sant medikal, 8 mache san konte divès lòt enstitisyon nan kouri, pami yo chaje ak ti moun piti .

Li enpòtan pou sonje egalman, madam Helen La Lim reprezantant Nasyon-Zini a nan peyi Dayiti, madam Lalim se youn nan moun ki tap bat bravo lakontantman lòske pouvwa sangwen PHTK tap federe gang yo nan Pòtoprens. “Se gras ak gang yo ki fè ensekirite a on tijan diminye”, daprè sa madam La Lim te deklare ouvètman nan moman li tap evanjelize travay gang yo nan peyi Dayiti.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske pòt pawòl Nasyon-Zini an serye sou dènye deklarasyon yo? Oubyen èske enstitisyon LONU a kap fè lakolèt rakèt sou do Ayiti nan renouvle manda tout lajounen pèdi yon fèy? Li absoliman regle zewo bare sou tèritwà nasyonal la kote ke li ta dwe konsyan ke li jwe yon gro wòl nan efondreman peyi Dayiti (kòmanse sou enfekte peyi a ak kolora jis rive sou kosyone dirijan gang ak dwòg anndan peyi a).

Konsa, li lè, li tan pou li demaske l nan figi moun! Depi ki lè LONU te sansib pou timoun ayisyen konsa!

foto: Rinsa

Comments are closed.