Otorite polisyè yo òganize seremoni gradyasyon 33èm pwomosyon polis la sou 4 mwa, pou echape anba presyon gang ame yo.

838

03 – 11 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Gwo zotobre yo nan kapital peyi Dayiti, òganize jounen lendi 11 mas 2024 la, seremoni gradyasyon 33èm pwomosyon polis la sou 4 mwa sèlman yo pase nan Akademi polis la, anba presyon gang ame ki pote non Vitel’homme Innocent an.

Seremoni mache prese sa a, ta pral dewoule dèyè do gwo chabrak CSPN yo tankou, Ariel Henry, madam tèritwa pèdi a, Emmelie Prophète Milcé ak DG PNH la, Frantz Elbé, ki nan moman n ap pale la gaye nan la nati, pèsòn pa konnen ki kote yo ye.

Li enpòtan pou konnen, 33èm pwomosyon polis la te rantre nan dat 5 novanm pase a, kote li ta dwe resevwa 9 mwa fòmasyon, malerezman presyon gang ak zam manch long k ap feraye nan kapital la lakòz yo resevwa sèlman 4 mwa fòmasyon ak kèlke jou.

Comments are closed.