Jill Biden chwazi yon avoka desandan dominikèn kòm chèf kabinè li

228

11\22\20

Wachenntonn____(TRiboLAND) Madanm nouvo prezidan elu peyi etazini an, Jill Biden, fè chwa yon avokat desandan dominikèn Julissa Reynoso, kòm chèf kabinè Premyè Dam nan, yon stratèj ki genyen yon kè ak pasyon pou sèvis piblik.

Jill Biden fè deklarasyon sa kèk minut aprè ke mari li anonse nominasyon Reynoso ak senk lòt panyòl nan yon seri pòs enpòtan nan Kay Blanch lan ak nan gouvènman an pou 20 janvye prochen.

“Pou mwen, chèf kabinè a, li te trè enpòtan pout e jwen yon moun ki genyen yon minn konesans ak konpreansyon  nan gouvènman,” daprè madanm Biden nan yon deklarasyon pap padap ke li te voye bay NBC News ki pat pran tan pou pibliye.              

Comments are closed.