Popilasyon an nan Monben Krochi fèman espas municipal la

335

Monden Krochi____(TRiboLAND) Arete 3 jwiyè 2020 ki soulve anpil vag protestasyon kont rekondiksyon yon pakèt ansyen majistra grenn senk, pa sispann fè pale de li.

Fwa sa se kou pa popilasyon Monben Krochi, nan Nòdès peyi a ki leve kanpe pou di non a desizyon chèf Leta ki rekondwi ansyen katèl meri a kòm ajan egzekitif enterimè.

Nan sans sa, popilasyon ki fache kon kong, deside fèmen pòt espas sa ki loje meri Monben Krochi a. Protestatè yo menase pou mete yon diplis nan yon parèy mouvman si tout fwa prezidan Jovenel Moise pa retounen sou desizyon’l; yon desizyon ki dwe chita  sou chwa yon seri moun ki valab e ki kapab pote yon tikal chanjman pou zònn nan.

Nap raple yo reproche katèl la dèske li te absoluman reyalize anyen pandan yon manda ki pase an gagòt sou yon administrasyon anemik.

Comments are closed.