RENO reyalize premye fowòm kandida yo, sou avni depatman Nòdwès nan vil Pòdpe

28
0
Share:
TRiboLAND

10/17/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Rasanbleman Etidyan Nòdwès yo (RENO) òganize, jodi samdi 17 oktòb 2026 la, premye fowòm deba li ak kandida k ap patisipe nan eleksyon nan depatman Nòdwès la. Aktivite sa a dewoule nan lokal Inivèsite Valparaiso, nan Pòdpè, devan yon foul moun ki te vin asiste echanj ant diferan kandida yo. Inisyativ sa a mete sou pye yon espas kote kandida yo kapab prezante vizyon yo epi pataje pwopozisyon yo sou kesyon ki konsène avni depatman an.

Plizyè kandida pou depite sikonskripsyon Pòdpe a te patisipe nan aktivite sa a, pami yo Hegel José, Beethovens Charles Prédélus, doktè Decius Fritzner, Mirline Pierre, Patrick Gustave ak Erané Saint-Louis. Fowòm sa a te bay patisipan yo yon okazyon pou prezante lide yo, esplike pwopozisyon yo epi fè echanj sou divès pwoblèm k ap afekte popilasyon Nòdwès la. Prezans kandida sa yo ak gwo patisipasyon piblik la montre enpòtans yon espas dyalòg kote sitwayen yo kapab pi byen konnen pozisyon ak angajman moun k ap chèche reprezante yo.

Atravè premye edisyon fowòm sa a, RENO mete aksan sou wòl inivèsite yo nan pwomosyon deba piblik, edikasyon sivik ak patisipasyon sitwayen nan lavi demokratik peyi a. Aktivite sa a parèt kòm yon inisyativ ki kapab ede rapwoche kandida yo ak popilasyon an, pandan l ap ankouraje diskisyon sou priyorite ak defi depatman Nòdwès la. Rete pou wè nan ki mezi pwopozisyon kandida yo prezante yo ap tradwi an aksyon konkrè pou reponn ak bezwen popilasyon an.

RENO bay randevou demen dimanch 18 la, pou potansyèl kandida pou Senatè yo.

Share:

Leave a reply