Mòl Sen Nikola: yon fiyèt 11 lane viktim anba vyól

254

11\1120

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Lajistis nan podpè libere Jorame Wislet klè kon klewòz, 37 lane pou vyòl li fè sou yon fiyèt 11 lane, nan dat 23 oktòb pase a, nan Marre Rouge, 2e seksyon kominal Mòl Sen Nikola, lokalite Dikonje.

Manman viktim nan, madanm Saintelène Geffrard, denonse otorite yo nan pakè podpè a, li di ki pran gwo magogo lajan pou libere Jorame Wislet, kadejakè a. Madanm nan mande konkou tout òganizasyon kap defann dwa moun ou ti nosan yo, pou ede l jwenn jistis ak reparasyon pou pitit li. Madanm nan kontinye pou di ke li viktim de fwa akoz otorite yo nan pakè podpè a chwazi libere Jorame Wislet, kadejakè a an absans li.

Viktim nan, jiskaprezan pa pran chemen lopital akòz mwayen ekonomik fanmi lan. Madame Saintelène, manman viktim nan, rapousib pou denonse zak agresyon ak entimidasyon ki pa sispann repete bò kote fiyèt 11 lane sa a k ap viv nan izolman lakay li akòz fanmi agresè a chwazi fè chante sou do l answit ap trete l madan papa. Pitit la pa sispan di ke li santi li wont!

N ap fè remake se pa premye fwa otorite yo nan pakè podepè a chwazi libere kadejakè ak gwo bandi notwa ki pa sispann fè krim atravè popilasyon Nòdwès la. Genyen yon sèktè raketè byen detèmine ki gen anpil apeti pou yon pakèt dosye tè ak vyòl ki rapòte anpil lajan, sitou lè se popilasyon aryè peyi a ki konsène!

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.