Plaj Reziyen nan Mòl Sen Nikola a menase : sab lan ap disparèt, otorite yo dwe aji vit

Mòl Sen Nikola, Ayiti _____(TRiboLAND) Plaj Reziyen, ki se youn nan pi bèl plaj natirèl nan komin Mòl Sen Nikola, ap sibi yon degradasyon ki mete egzistans an danje. Depi kèk tan, gen plizyè moun ak kannòt kap vin chaje sab sou plaj Plaj Reziyen pou transpòte li lòt kote. Aksyon kriminel sila, ki fèt san kontwòl deja defigire rejyon an e transfòme tout bote estrikti a an yon veritab resif kotyè.
Konsekans nefas yo deja vizib. Plaj la pèdi aparans li ak tout posti òganik ke li te genyen avan. Si anyen pa fèt, sa kapab afekte aktivite touristik, kreatif, ak ekolojik. Sitwayen yo kòmanse eksprime enkyetid yo sou sitiyasyon sa a ki sanble ap vin pi grav chak jou ki jou.
TRiboLAND ap lanse yon apèl prese prese bay otorite lokal yo : Majistra, Kazèk e lòt otorite nan depatman Nodwès la ak lòt enstans ki konsène yo, pou yo entèvni san pèdi tan; se deklarasyon kèk sitwayen sou fason plaj la ap degrade. Fòk gen mezi ki pran pou entèdi dechaj sab sou plaj la, epi pou mete kontwòl sou tout batiman k ap antre sòti sabote resous natirèl zòn kotyè a.
Pwoteksyon plaj Reziyen an, se pa sèlman yon kesyon estetik; se yon kesyon devlopman dirab, valè kiltirèl, ak sekirite ekolojik. Nou dwe mete men ansanm pou sove ti rès ki rete a.






