Jamaik: Kat moun mouri nan yon aksidan machin-dife nan St Ann

272

11\09\20

St Ann, Jamaik_____(TRiboLAND) Kat moun mouri tèt nèg nan yon aksidan machin sou otorout prensipal Discovery Bay nan St Ann, Jamaik jodi lendi 9 novanm 2020 an. Aksidan ki fèt byen bonè maten an vè 7:50 am nan moman lapli tap tonbe, daprè sous polisyè yo.

Plizyè imaj amatè montre youn nan machin yo anba gwo tonton flanm dife alòske viktim yo poko kapab idantifye.

Ankèt yo ap rapouswiv yon fason pou detèmine koz reyèl aksidan an ki lakoz 4 moun fè vwèl pou peyi san chapo, daprè responsab polis routyè nan peyi Jamaik.


Comments are closed.