Asosyasyon Plantè, Elvè, Pechè ak Fanm Ansafolè (APEPAF) selebre 12 lane egzistans yo.

719

07-18-2023

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Asosyasyon, elvè, plantè ak fanm nan komin Ansafolè (APEPAF) selebre 12 lane egzisjans yo jodi madi 18 jiyè 2023 a.

Pou bay yon anplè ak fèt la, yon mès aksyon degras òganize nan legliz katedral Sentàn nan, aprè yon defile ak fanfa òganize nan lari komin nan. Touswit aprè te gen yon kolasyon. Okazyon an te makònnen ak yon aktivite sou plaj “Mafoli”, ki ta pral kwafe tout bote anbyans lan vè 3è nan aprè midi.

APEPA, Asosyasyon Plantè, Elvè, Pechè ak Fanm nan komin Ansafolè, te fonde 18 jiyè 2021, andedan yon gran APEPAF mix nan tout komin nan ki te la depi 15 out 2009. Viv pou lontan APEPAF!


Comments are closed.