Kòdonatè kazèk premyè seksyon Boden an drese bay lapwès yon tablo lamantab zòn l ap dirije a

11\08\2020
Boden, Pòdpè_____(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk premyè seksyon Boden, komin pòdpè , Msye Kenry Calixte, prezante bay lapwès jounen samdi 7 novanm 2020 an, yon tablo lamantab sou sityasyon seksyon kominal lap dirije a.
Seksyon an degrade, sin ta vle kwè Msye Kenry Calixte. Pwoblèm lekòl, proliferation kanal bouche, absans sant sante, absans enfrastriti woutyè e drenaj, san konte katafal labou ak dlo ki pa sispan mete sitwayen lokalite Dewoulen yo ajenou.

Pi lwen Kowòdonatè kazèk la soulinye pwoblèm wout agrikòl yo ki pa nan bon eta; konsa, abitan k ap soti nan zòn Gola pa gen aksè pou pote pwodwi pou vin vann lavil. Yon sityasyon ki pouse kazèk la antreprann yon latriye demach bò kote gouvènman Moise-Jouthe la ki fè yo santi “won bè, won ti sale.” Li kontinye poul di, malgre pwomès 731 mil goud pouvwa a te fè nan fon komino a, se toujou nad marinad!
Pou fini, Msye Kenry Calixte mande non sèlman ak Direktè TPTC an, Angelot Oracius panche sou pwoblèm moun Dewoulen, paske moun yo paka pran lapli ankò. Kidonk, lè lapli tonbe tout moun ozabwa. Li lonje dwèt jouda li byen long sou pouvwa tèt kale nimewo 2 a ki refize panche sou sityasyon sosyal ak ekonomik peyizan yo. Kazèk la kwè, seksyon l ap dirije a fè pati Repiblik la tou.
Genson HYPPOLITE. gensonhyppolite8@gmail. com






