Genyen gro danje nan aktivite eksplwàte sab ou gravye nan rivyè ou bò lanmè Dayiti

1,050

07-12-2022

Se prèske nan tout rivyè atravè peyi a, moun ap miltipliye “aktivite fouye” pou eksplwàte sab ak gravye. Se vre, yon parèy pratik anachik fasilite yon aktivite ki pèmèt anpil sitwàyen yo reponn ak bezwen ekonomik fanmiy yo, tankou: manje, bwè, peye lekòl, elatriye.

Sepandan, Leta dezangaje e lekòl lage! Pa janm gen oken dispozitif restriktif ki vrèman pran e menm tante panche sou bezwen moun sa yo yon mannyè pou prezève anviwonman an kap depafini.

Pa egzanp, nan zòn Polen, Nan Bouchi, Twa Rivyè, Ti Fon pou-n site sa yo sèlman, aktivite sa yo fèt prèske chak jou. Kazèk ak Lamèri pa ka mete oken restwiksyon nan yon parèy deriv akoz feblès youn pou lòt. Anpil nan zòn sa yo, moun yo fouye sab san gade dèyè; trè souvan pèforasyon sa yo reprezante gwo danje e ki konn menm koute lavi anpil timoun ki toujou al benyen nan rivyè yo.

Moun nan Fon Ti Fon ak nan Pòdpè lanse yon SOS bay otorite lokal yo pou mete yon fwen nan yon parèy pratik ki pa sispan menase lavi e mete tèt anba tout ògann ekolojik yo.

Hodney Fanuance, TRiboLAND

Comments are closed.