Depistaj rektal pou kovid-19 vin trè kouran nan peyi Lachin

193

01/29/21

Peken_____(TRiboLAND) Etranje kap antre nan peyi Lachin dwe soumèt koulya yon nouvo tès depistaj pou kovid-19 ki pa fèt apati tounen oubyen gòj, men apati rektòm. E se pa sèl moun kap vwayaje ki konsène: dispozitif sa, li vin trè kouran pou yon seri abitan kap viv nan yon seri zòn ki trè riske ak kovid-19.

Pa ekzanp, nan katye Daxing, nan sid Peken, plis pase mil pwofesè ak elèv te subi depistaj rektal (anus), anplis depistaj tounen avèk gòj. Pou Doktè Li Tongzeng, nouvo tès sa yo trè itil paske “kowonaviris la rete nan anus moun ke nan lokasyon respiratwà yo. Yon depistaj rektal ap pèmèt detekte enfeksyon an pi byen, espesyàlman nouvo varyan yo.”

“E tout kalite tès sa yo, nan gòj, nan tounen, rektòm ak priz san ki se yon seri mwayen ki limite tout ris pou pase akote yon ka kovid-19 pozitif.”

Depistaj nan anus la fè anpil moun pè, anbarasan e menm imilyan. Anpil chinwa sou rezo sosyàl yo jije tès rektal la enkonfòtab, e mèyè fason pou yo echape li se kouri pran vaksen an.

Antretan, otorite chinwa yo ajoute yon diplis nan peryòd karantèn nan jiska 4 semèn pou yon seri vil.

Comments are closed.