Gwo rèl pete : Jounalis senyò, Eddy Jackson Alexis mouri aprè yon kriz kadyak

56
0
Share:
TRiboLAND

11/22/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounalis ayisyen Eddy Jackson Alexis mouri nan lannwit vandredi 20 novanm 2026 la, aprè li te fè yon pwoblèm kadyak. Lanmò ansyen Sekretè Deta Kominikasyon an reprezante yon gwo pèt pou sektè medya a ann Ayiti, kote li te pase plizyè ane ap sèvi nan domèn enfòmasyon ak kominikasyon. Daprè enfòmasyon medya, jounalis la te deja sibi yon operasyon nan kè nan lane 2021.

Pandan karyè pwofesyonèl li, Eddy Jackson Alexis te kolabore ak plizyè gwo medya nan peyi a, pami yo Radio Kiskeya, Radio Megastar, Télévision Nationale d’Haïti (TNH) ak Radio Monopole. Anplis fonksyon li te okipe kòm Sekretè Deta Kominikasyon, li te genyen tou pòs Sekretè Jeneral Adjwen nan Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), yon responsablite ki te makonnen ak angajman li nan lavi pwofesyonèl laprès ayisyèn.

Nan sikonstans tris sa a, TRiboLAND Media Net Work prezante senpati li ak fanmi Eddy Jackson Alexis, zanmi li, pwòch li ansanm ak tout kominote jounalis la ki nan lapenn. Ekip la salye memwa youn nan ansyen figi metye jounalis la ann Ayiti, pandan li swete fanmi li jwenn fòs ak kouraj pou travèse gwo moman doulè sa a. Repoze nan lapè Eddy !

Share:

Leave a reply