Himmler Rebu anonse avan lontan opozisyon an ap revele plan pou mete Jovenel Moise an eta disponiblite a

287

10\25\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Daprè ansyen Kolonèl, Himmler Rebu, dirijan Grand Rassemblement pour l’Evolution d’Haiti (GREH), opozisyon ap trese lèl e prepare yon fason pou prezante yon plan bay popilasyon ayisyèn nan; yon “feuille de route” pou mete Jovenel Moise an eta disponiblite akoz manda li kap pran fen 7 fevriye 2021 selon manman Lwa peyi a.

Rebu fè konnen yè samdi 24 oktòb la, ke genyen yon mobilizasyon san parèy bò kote yon krèy regroupman pati politik ak òganizasyon nan sosyete sivil la pou propoze nan jou kap vini altènatif “rale kò” bay pouvwa Moise la yon fason pou anpeche peyi a tonbe nan anachi.

Plan sa tou fè eta de yon seri segman ki byen elabore e nesesè pou yon tranzisyon demokratik ki pral mete peyi a sou ray.

Comments are closed.