Etidyan nan “Université Chrétienne du Nord d’Haiti” ap rele sekou pou zak vyòl ak tantativ asasina

333

10\25\20

Limbe, Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Depi 3 mwa konsekitiv, Université Chrétienne du Nord d’Haiti (UCNH) nan Limbe ap fè fas ak yon seri skandal choutoufe sou yon latriye zak malonèt ke yon seri elèv ap subi anndan espas la; asèlman seksyèl, vòl, vyòl ou aktivite kadejakè achte espas aprantisaj la lajan kontan.

UCNH, ki te genyen yon repitasyon prestijyez e rekonèt kòm youn pami plizyè lòt nan delivre yon fòmasyon enpresyonant a yon seri elèv ki toujou soti nan diferan kwen nan peyi Dayiti, trouve li jounen jodi a osant de yo seri skandal san presedan.

Anba gro malè pandye sa yo ke plizyè dirijan fè tantativ pou kache anba anba; elèv yo ki an majorite viktim nan dòtwa yo nan Kampus la, oblije pran rout Laprès e sove anba vijilans yon seri responsab inivèsitè ki te detèmine pou kase fèy kouvwi sa. Etidyan yo sèmante pou yo pa fè silans! Konsa, youn nan ka ki pi resan, nan sware vandredi 23 oktòb 2020 an, yon pwofesè byen koni subi yon tantativ asasina. Li resevwa plizyè kout manchèt nan janm nan men plizyè nèg ame ki pa idantifyab. Le te blese gravman grav e transpòte vit e prese nan yon lopital pou swen nesesè.

Zak malonèt yo pa sispan repete chak jou nan inivèsite UCNH, dapwè yon latriye elèv viktim ki lonje dwat sou responsab yo ak otorite jidisyè yo ki nan konivans ak brigan yo. Malgre yon pakèt apèl ak alèt elèv yo fè bò kote otorite lokal yo, se nad marinad! Yo pa menm chèche konnen vyolans kap taye banda prèske chak jou nan inivèsite a. “Nou trouve nap peye pou yon etid ki koute nou tèt nèg, yo vyole nou, yo piye nou e yo mande nou pou nou pa denonse tou senpleman pou sovgade repitasyon inivèsite a”, daprè yon etidyan viktim ki tap depoze bay TRiboLAND.

Yon inivèsite ki te yon fyète pou tout moun kap chèche yon dimansyon konesans ki sou ray, trouve li nan yon sitiyasyon de dekonpozisyon anba je leta yon seri sangwen ap bay defi. Sitiyasyon etidyan yo nan Kampus san sekirite ak kamera suveyans la tèlman entenab, anpil nan etidyan yo oblije kite dòtwa Kampus la pou ale pran refuj lakay zanmi; gen lòt ki pa gen oken lòt chwa sinon ke afronte ou obeyi ak npidisite ou zak malonèt kap pase nan UCNH la, daprè  DK, yon etudyan dezyèm ane.

Antouka, elèv UCNH ap mande bourad yon pakèt òganizasyon kap travay pou defann dwa fanm ak etidyan. Yo soti nan silans yo yon fason pou yo kapab jwen akonpayman tout sèktè kap ede fanm pare kou e jwen jistis.

Comments are closed.