Me ki sa TRiboLAND konnen de joune protestasyon 17 oktòb 2020 an nan kapital la

270

10\17\2020

  • Plizyè milye protestatè ki gen zantray yo ak diferan groupman ak òganizasyon politik pran beton an pou mande Jovenel Moise pou li kraze yon kite sa pou enkapab.
  • Plizyè majorite lidè politik yo te done yo lapènn pou mete pye yo atè nan kad pou akonpanye manifestan.
  • Yon batri avoka te fè pati manifestasyon an yon fason pou proteje dwa sitwayen protestatè yo nan kàd legal si tout fwa yo ta jwen arestasyon nan moman manif lan.
  • “Se nan tranzisyon nou prale tonton” pawòl youn lidè Sèktè Demokratik la, Me André Michel avan demaraj yon mega manifestasyon 7 tèt la nan Pòtoprens.
  • Anpil barikad kawoutchou tap bwile nan diferan nan kwen nan kapital la.
  • Lapolis te fè izaj abuzif gaz lakrimojèn ak bàl kawoutchou pou repouse manifestan yo patikilyèman nan Delma 65 ak 67.
  • Plizyè moun blese, pami yo ou jwen yon polisye Sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH) kip ran yon bàl nan ponyèt ak yon militan kip ran yon bàl nan pye.
  • Anpil òganizatè manif la nan opozisyon an mekontan e kritike konpòtman lach ak demeplè reyaksyon ajan lòd yo ki vyole dwa pawòl ak dwa pou reyini sitwayen yo kap denonse : kòripsyon, krim, asasinay, mizè e enpinite.
  • Fen protestasyon yo te fini ak yon bèl jèb flè dirijan yo te depoze devan monuman Anperè Jean Jacques Dessalines ki sou Champs-de-Mars, yon siy pou salye memwa Papa Nasyon an.
  • Yon diskou nan sikonstan lan te delivre aprè depozisyon jèb flè a.
  • Kontrèman ak defi ke Alatèt G9 la ki se Jimmy Cherisier, chèf gang kap simaye krim nan kapital la, alye gouvènman Jovenel Moise la, detèminasyon ak pou ale jiskobou te bò kote popilasyon an.

Comments are closed.