Plat fòm pitit Desalin nan nòdwès komemore 214e lane lamò Anperè Jan-Jak Desalin

273

10\17\20

Pòdpè___(TRiboLAND) Se sou tèm “jistis sosyal” ane saa, platfòm pitit Desalin branch nòdwès ki genyen nan tèt li: Altery Etienne, Docteur Elie, pwofesè Sanon, Pierre Reginald, rive komemore 214e lane lanmò Anperè Jan-Jak Desalin jounen Samdi 17 oktòb 2020 an.

De konferansye yo, Désir Gerry ak Leveillé Wislet ki t ap depoze nan sikonstans lan, esplike ideyoloji Desalin nan ki te chita sou yon aks prensipal ki se “jistis sosyal”. De entèvenan yo kite pale tou, sou kòz lanmò Desalin, esplike ipokrizi ak malveyans nèg po jòn depi nan fondasyon leta nasyon an.

This image has an empty alt attribute; its file name is image-169.png

Konsa, pwofesè Sanon bò kote pa l, te bay esplikasyon sou kòman plat fòm pitit Desalin te rive kreye, mande ak manm pati a, kenbe la malgre van e mare.

Pou Pierre Reginald, li denonse zak sanginè, malonèt yon gwoup asasen te rive poze kont Papa Nasyon an. Li kontinye pou l voye yon demanti fòmèl bay moun ki ta vle fè kwè pitit Desalin mare sosis yo ak pouvwa kriminèl PHTK a, e denonse prezidan katèl mèri Sen Lwi Dinò a, msye Gaston, kotel akizel nan konkonbrèt ak chèf gang sila yo.

Antouka, msye Pierre Reginald pa sispan mande jistis pou moun Sen Lwi Dinò!

Genson Hyppolite gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.