MUPANAH: Jovenel Moise salye memwa Jean Jacques Dessalines

215

10\17\20

Pòtoprens___(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise salye memwa Jean Jacques Dessalines e depoze yon jèb flè nan Musée Panthéon National Haitien (MUPANAH) maten samdi 17 oktòb 2020 an; yon joune ki make 214è anivèsè lanmò Papa Dessalines.

Sou paj facebook ak twitter li, chèf deta deklare ke li depoze yon jèb flè nan moman yon seremoni ofrand pou onore memwa Jean Jacques Dessalines ki se Papa ou kreyatè nasyon ayisyèn nan. Se yon jès ki demontre fwa nou nan eritaj ke zansèt nou yo kite pou nou.

Divès inite nan PNH la te mobilize devanjou pou kreye pasaj ak sekirite nan perimèt MUPANAH pou prezidan Jovenel Moise ki chwazi pa pote tèt li nan Pont Rouge ki se yon sit istorik ou tradisyonèl pou onore memwa Anperè a.

Anpil kwen nan kapital la deja mobilize tankou jan sa te prevwa pou proteste kont krim, kidnapping, kòripsyon, vyòl, diktatè, gansterizasyon deta, zak asasinay ki enplike Jovenel Moise.

Comments are closed.