Selebrasyon 34e anivèsè “Collège Le Primat de L’esprit” nan Pòdpè

605
Rev. Père Gasny Lafortune

05/17/2021

Pòdpè _____( TRiboLAND) Se jounen lendi 17 me 2021 an, “Collège Le Primat de L’ESPRIT”, yon Enstitisyon ki bay tèt li misyon pou fòme jenn fanm ak jenn gason atravè Nòdwès, patikilyèman nan vil Pòdpè, selebre 34 lane egzistans li.

Nan okazyon sa, yon mès pou di Granmèt la mèsi te rive chante byen bonè maten lendi 17 me 2021 an, anndan Katedral Imakile Konsepsyon Pòdpè a, anprezans elèv, ansenyan, elèv, pwofesè, paran, manm enstitisyon an pou nou site sa yo sèlman. Prensipal selebran an, Rev. Père Gasny Lafortune, nan omeli sikonstsns lan, te fè tibatbouch ni ak pèsonèl enstitisyon an ni ak pwofèsè e elèv.


Pou sila yo k ap mennen bak enstitisyon saa (pèsonèl direksyon an, sansè etid, pwofesè …) depi plis pase 30 lane, pè Lafortune te felisite yo pou “Leadership” yo paske selon prèt Katolik la, gen anpil enstitisyon ki te kreye, fonde nan menm epòk ak ” Collège Le Primat de L’esprit” ki pa egziste ditou; swa akoz movèz jesyon responsab yo, swa akoz vye zak imoral responsab ap poze anndan etapblisman sa ki fè yo efondre. Se youn nan rezon ki pouse pè Lafortune ankouraje paran yo pou yo kontinye fè Collège Le Primat de L’ESPRIT konfyans. Konsa, li rabat pou li ankouraje responsab yo pou yo toujou fè Granmèt la konfyans yon mannyè pou ni manm enstitisyon an, ni pwofesè, ni elèv kapab anba pouvwa Lesprisen an.


Pè a te rapousuiv pou mande pwofesè yo, manm direksyon an, pou yo envesti tout yo menm nan edikasyon timoun lekòl yo yon mannyè pou yo ka rive sove yo devan menas ki plane sou tèt yo tankou “delenkans jivenil”, pwogram noktinal “tisourit” paske selon Rev. Lafortune tout krim k ap komèt anndan peyi saa, se timoun ki gen 15 lane pou rive 20 lane ki komèt yo.

Kanta elèv yo ki te reponn prezan anndan seremoni an, Rev. pè Gasny Lafortune te ankouraje yo pou yo pran zafè etid yo oserye si yo ta renmen pote kontribisyon pa yo nan peyi saa ki fin dechire anmiyèt moso. Pè a rete kwè si tout timoun lekòl pran lekòl la kòm CHWAL batay yo; si yo mete konsèy mèt yo anpratik, pyès moun p ap kapab sedui yo pou met nan men yo gwo zàm fannfwa pou y al komèt move akzyon sou popilasyon an. Vwala, se egzakteman sa peyi Dayiti ap sibi jounen jodi a, selon Rev. Pè Gasny Lafortune ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.
.

Fòk nou di, selon youn nan manm pèsonèl enstitisyon saa, Me Wilbert José,”Collège Le Primat de L’esprit” te fonde nan lane 1969 sou Inisyativ Henry Hilaire. Se te nan lane 1987, lè direktè a, Msye Henry Hilaire ap kite Pòdepè ak tout fanmi li pou l al viv nan peyi Kanada, li te pase Kolèj la bay François Lucas Sainvil, ansyen depite ak ansyen Senatè Nòdwès..

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.