Yon manm “G9” jwen bouchon’l nan Belè

271

10\16\20

Belè, Pòtoprens_____(TRiboLAND) Moun Belè deklare ke yo pa kapab ankò avèk peripesi ke yo ap pran anba group gang “G9” an fanmiy e alye a. Jodi 16 oktòb 2020, lavèy 17 oktòb, yon manm “G9” ki rele “Lakos” jwen lanmò li nan moman te gen gro afrontman ant yon group ame nan zòn nan ak group Jimmy Cherisier alyas Barbecue.

“Lakos” arive pèdi pye e tonbe anba men group ame Belè ki arive akapare yon zam M14 nan men li e lapide’l. Popilasyon an te ligote li nan pye e trennen li nan diferan katye lokal yo.

Antouka koutchou boumbe sa yo kòmanse ap pran chè kèlke tan avan gro manifestasyon tansyon “se tròp atò” ki prevwa pou demen 17 oktòb la, kote ke opozisyon an detèmine pou kapote atravè Jovenel Moise sistèm kap fini ak Ayiti a alokazyon komemorasyon asasinay papa nasyon ayisyèn nan, Anperè Jan Jak Desalin.

Comments are closed.