Anseyan Nòdwès non bidjetize yo voye mizangad kont Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet

489

03/29/2021


Pòdpè______(TRibOLAND) Anseyan yo nan depatman Nòdwès la k ap travay nan sistèm edikatif ayisyen an depi plis pase 5 lane san lèt nominasyon ,san touche yon goud nasyonal, voye yon piga seren bay Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet Jr. Yo akize li dèske l ap manniganse anba anba pou anboche lòt gwoup anseyan anndan sistèm nan ki pou vin ranplase ansenyan yo atravè yon Konkou Ministè a gen pou òganize apati demen Mèkredi 31 mas 2021 an.

Anseyan sa yo ki te soti nan 4 kwen depatman Nòdwès la e ki te genyen machwè gonfle jodi jodi 29 màs la atravè yon sitting anndan Lycée Tertullien Guilbaud, nan vil Pòdepè, te fè minis Agénor Cadet konnen: y ap travay anndan sistèm nan depi plis pase 5 lane e yo pa janm touche yon pyas, alewè pou yo ta menm nome yo.

Anseyan yo rabàt pou di ke gen plizyè ankèt ki reyalize atravè lekòl yo kote yo te pwomèt yo apwè rezilta ankèt sa yo, yo t ap tou nome yo; men elas, se nad marinad! Pwofesè sa yo ki deklare se nan bouch moun yo aprann, evantyèl konkou Agenor Cadet a pràl tanmen mèkredi 31 mas 2021 an pou yon lòt gwoup anseyan ki pou vin ranplase yo anndan sistèm nan.

Devan yon sitiyasyon parèy, anseyan sa yo sèmante 70 fwa 7fwa sera seta key o pa dòmi reve patisipe nan yon parèy konpetisyon. Yon grenn bagay y ap tann san kondisyon, se lèt nominasyon yo .

Nan moman n ap pale la, anseyan sa yo deja mobilize pou boycott kèlke swa konkou chanpwèl ak mèt dàm minis Agénor Cadet vle òganize an fas yo e ki vise pou pouse do yo deyò sistèm edikatif ayisyen an.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.