Lil Latòti yon fwa ankò plonje nan dèy

235

10\14\20

Lil Latòti___(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès nou aprann lanmò majistra Franvil Lubin ki c youn nan 3 manm komisyon kominal zile Latòti a ki soti nome aprè manda konstitisyonèl la te pran fin.

Nap raple majistra Lubin ke tout zanmi rekonèt sou non “Vye Bawon” ke li t vante tet li, mouri jodi mèkredi maten an devanjou 14 oktòb 2020 an aprè ke li tap soufri ak yon maladi selon enfòmasyon yo.

Ansyen: profesè lekòl e direktè lekol frè yo nan Marouj, ansyen kowodonatè Kazek pou dezyèm seksyon Latòti pou premye fwa kote ke zile a t’ap al vote pou Katèl kazek. Se te egalman yon gro animatè radio ki fè non li nan anpil radyo sou zile a ak nan vil Pòdpè.

Depa “Vye Bawon” se yon katafal pèt non sèlman pou fanmiy li, men tou pou tout yon popilasyon an fonksyon yon latriye sèvis ke li te konn popilasyon an. Nou swete li yon bon travèse!

Yiasainthe Frisnerl, jounalis

Comments are closed.