Bravo Barbecue!

263

10\14\20

Padon wi chèf Peyi a. Wi, padon paske m oze site non w. M pa ni Jovenel ni vòlò parèy ou yo, pou m ta nan site non w. M vle di w bravo paske w rive montre enpòtans nèg ak zam genyen pase nèg ki ale lekòl. Ou rive montre ou se chèf pase Normil Rameau k ap manje lajan taks pèp la, pou l ka kite w jwenn boulva pou w banbile jan w vle.

Ou se egzanp moun ki pa ale lekòl dwe ap byen pase, epi sila yo ki ale lekòl dwe mouri amba bal lapolis, ki te dwe pwoteje ak sèvi yo. Ou se egzanp vivan se gang k ap dirije. Ou gen menm diskou ak Jojo, nou pale prèske menm lè. Alon bèl Alye Jojo jwenn! Te deja pa t gen opozisyon, ou jwenn bout ti vòlè sa yo tou ki paka fè resèt nan manifestasyon, depi w fin monte òganizasyon bandi G9. Ou kontwole katye popilè yo. Dayè moun k ap viv se tankou pil ti kochon nan pak lakay ou: ou touye yo lè w vle. Bravo Barbecue!

An pasan, èske w sonje te genyen ki te di ak fè plis pase w? Al tande gran dosye Blaze One nan, si memwa w kout. Men, ou se chèf ou chèf nèt. Pa okipe pèsonn k ap rablabla. Ou deside kiyès ki dwe manifeste. Ou deside kiyès ki dwe viv anndan Bèlè, Lasalin ak anba Dèlma.

Baba, ou pa chèf gang. Ou se ti bondye peyi Dayiti. Ou fè ak defè. Ou tèlman fè, ou fè menm jounalis vin kouvri konferans w ap bay. Lapolis di l ap chache w, pandan yo menm ankò ap ba w sekirite nan distribye manje. Baba, m ba w ti non gate sa paske m pa konnen kòman Jovenel, Jouthe ak lòt yo rele w. Baba, ou tèlman gen pouvwa, si w vle, ou ka deside kilè nou dwe fè bagay ak madanm oubyen mari nou wi. Kilè w ap deside kiyès ki dwe manje nan peyi a? Baba, ou gen tout tout pouvwa w. Banbile frè m.

Se sèl Ayiti ki pou w t ap mache nan figi moun konsa. Sa rive paske se vòlè parèy ou ki vle rete la pou pa gen jijman pou kòb Petwokaribe a. Men, sonje ougan ba w pwen, li pa voye w dòmi nan kalfou.

M ap fini la pou m di w: jou w konte! Pwofite!

Mon âme à Dieu, mon corps aux chiens, ma plume à conscience.

Fanel Delva

Comments are closed.