La fin du Monde: plis pase 40 adòlsan arive ansent nan lekòl “La Prophétie” nan Beaumont

261

Beaumont, Jeremi_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li te fè sou yon Radyo “Meli” nan jeremi, Dirètè lekòl la “Prophésie” a nan Beaumont nan mwa sèptanm dènye kote ke li konfime yon total 41 etidyan minè tonbe ansent pandan 2019-2020.

Òganizasyon kap defanm dwa moun santi yo endinye fas ak zak sanginè sa yo e ale pi lwen pou kwè ke genyen lòt lekòl nan depatman an ki viktim de yon parèy sitiyasyon. Eksplwatasyon seksyèl, vyolans, ak asèlman pa sispan deteryore depi aparisyon Kovid-19 nan depatman an, daprè òganizasyon kap pare kou pou dwa moun. Yo atire atansyon komisè gouvènman prè tribinal premye enstans Jeremi sou yon seri zak sangwen ou aktivite seksyèl (Krèy) kap pran jarèt nan depatman an.

Daprè Gérald Guillaume ki tap repon kesyon Valéry Numa yè mèkredi 14 oktòb la, ta lonje dwàt sou yon jèn gason ki gen papa’l ki jij depè nan depatman Grandans lan, ta sispèk nan plis pase 15 ka vyòl minè, alòske kriminèl sangwen an ap mache lib e libè nan figi moun.

Mezanmi nou nan la fin dè tan, se fini, Ayiti anfondre! Plis pase 40 ti moun arive ansent nan yon sèl etablisman; se yon rekò petèt rès monn la poko janm konnen! Alòske sa pa gen lontan yon dirijan afrikin pran dispozisyon pou chatre nenpòt gason ki vyole yon fi pou nou pa di yon minè.

Comments are closed.