Ensekirite a ap vale teren nan Okap Ayisyen: 2 moun mouri anba bal nan Vètyè

355

10\11\20

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Se nan lanwit samdi 10 okt`ob 2020 an, bandi sangwen kit e sou moto krible e vide anba kout zam Claudette Prévil ak Thomas Lorzier ki natif natal komin Okap Ayisyen, depatman Nò peyi a.

Krim odye sa fèt nan lokalite Vètyè a kèlke kilomèt antre dezyèm vil peyi a, pi presizeman nan Kafou Nazarèt selon dènye enfòmasyon ki vinn jwen TRiboLAND. 

Viktim yo te apèn desann yon otobis lòske bandi sangwen atake yo e tire sou yo san oken fòm prosè. Enfòmasyon yo ta fè eta de moun ki te soti nan peyi etranje, yon seri done ke TRiboLAND pa arive verifye.

Comments are closed.