Lapopo nan Sen Mak mete anba kòd yon nich pwezime bandi sangwen

819

08-12-2023

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Anba lòd Direksyonjeneral  lapolis la, ajan PNH yo ap miltipliye yon seri gwo operasyon tranble jarèt, nan kad demantle e eradike tout selil gang sangwen kap simen deblosaj anndan popilasyon yo.

Se konsa, fòs lòd yo nan vil Sen Mak, mete anba kòd yon dizènn pwezime bandi sangwen. Komisè ki nan tèt jiridiksyon Sen Mak la, mande popilasyon an pou kontinye bay fòs lòd yo jarèt pandan ke  yo ap ede yo rapouswiv mikwòb yo ki kanpe ankwa kont lapè ak trankilite zònn yo.

Nap raple, nan dènye jou sa yo, estrateji lapolis yo, plis gen pou wè avèk arete ou flite bandi sangwen yo pa makònn e mete plat atè tout kay koure yo abite.

Comments are closed.