Youn pami prezume trafikan dwòg ke otorite ayisyen yo livre bay FBI/DEA, ta sanble te gen bon rapò reselè ak Jovenel Moise

235

03/05/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Direksyon Santral Judisyè (DCPJ) remèt Jistis Amerikèn 2 prezume koupab ke yo t’ap chèche tankou chyen fou. Federal Bureau of Investigation (FBI) ak Drug Enforcement Administration (DEA) mare e pote ale kon grab Mathieu Joseph avèk Peterson Benjamin, alyas Ti-Peter ki se yon manm enpòtan nan group gang 5 segon.

Imaj kap sikile sou rezo sosyàl yo montre ke plizyè ajan ameriken ap anbake 2 prezume resòtisan kriminèl ayisyen nan yon ti avyon. Plizyè sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, fè eta de komès dwòg ak krim ki lakoz otorite ayisyèn yo remèt annafè yo bay Jistis amerikèn pou jijman ak kondanasyon.

Mathieu L. Joseph ki se yon ayisyen-ameriken e yon antreprenè nan kesyon agrikòl, te jwen arestasyon li sou tèritwà ayisyen an, aprè ke DEA te lage yon manda “pote vini” dèyè li. Li genyen gro akizasyon trafik dwòg ki pandye sou tèt li e kèk jounal anndan peyi Dayiti fè eta de bon rapò reselè ak Jovenel Moise.

Alòske T-Peter, li se 3èm Gran Toryan reselè nan gwoup gang 5 segon ki t’ap opere nan Village de Dieu. DCPJ te pwosede ak arestasyon li nan Sarthe 21 novanm pase sou akizasyon kidnapping.

Comments are closed.