Asosyasyon lekòl Prive Nòdès yo mande pou tout dirèkté prive yo ak ekstansyon kominote edikativ la pa louvri okenn lekòl

1,179

10-01-2022


FòLibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès ki pibliye premye oktòb la, Asosyasyon Lekòl Prive Nòdès yo mande pou tout lekòl rete fèmen.

NÒT POU DIREKTÈ LEKÒL PRIVE YO AK NAN ENTANSYON KOMINOTE EDIKATIV LA.

Nou, Direktè lekòl prive peyi Dayiti, Depatman Nòdès an patikilye, aprè anviwon yon mwa pwotestasyon, yon mwa kraze brize, yon mwa lafen egu, yon mwa peyi fèmen nan tout dimansyon, yon mwa depi gouvènman Ariel la gen yon mas beton nan zòrèy yo, yo poko janm vle opere ki koz espwa pou konnen yon vi miyò pou majorite sitwayen peyi a kap plonje pi fon chak jou nan labim, sitou paran, elèv lekòl ak etidyan!

Nou menm direktè lekòl prive yo, nou pran “AK” de dènye nòt Direksyon Depatmantal Edikasyon an mete deyò yon fason pou yo voye ti elèv lekòl al mouri nan lari a, yon fason pou yo voye pwofesè lekòl ki deja ap pase mizè nan sistèm nan al mouri anba bal lapolis bandi makiye, yon fason pou yo fè popilasyon ki pa kapab ankò ak lavi chè a al mete difè nan lekòl yo, yon fason pou yo boule moto ti taximan kap chache lavi yo nan mennen timoun al lekòl aprè yo fin bouske yon ti galon gaz 3000 goud, yon fason pou yo tiye elèv lekòl yo ak gaz lakrimojèn e mete chaj sou do manifestan yo…;

Konsidere tout evantyèl sitiyasyon sa yo ki ka rive e ki ka menm debouche sou yon gè sivil, Asosiyasyon Direktè Lekòl Prive yo mande pou tout direktè lekòl kite pòt lekòl yo rete fèmen pou jiskaske premye minis Ariel desann gaz la jan l te ye a, oubyen li demisyon pou lavi ka reprann; nou konnen peryòd lekòl fèmen yo se fyèl tout ti pèsonèl edikatif yo k ap koupe sou plan ekonomik, sitou direktè ak pwofesè; men pran ti pasyans pou w pa pèdi lekòl la nèt anba flanm dife chè Direktè!

Pa bliye ouvèti lekòl la se dènye zèl kat gouvènman san manman sa a; si nou pran presyon louvri lekòl, n ap pèdi batay la, yo pa p desann gaz la e lè sa ou plis p ap ka peye pwofesè!
Kèlkeswa Direktè Asosiyasyon Lekòl Prive yo ki louvri pòt pou resevwa elèv lendi 3 oktòb, nenpòt sa k rive w AEPNE p ap ka asiste w malerezman selon règleman entèn Asosiyasyon an… fè echèk ak semèn 3 oktòb la vle di “genyen bagay la”.

Konsidere dènye paragraf nòt Biwo Depatmantal la, paran, elèv, pwofesè, Direktè, Enspektè, taximan… si nou kontribiye nan ouvèti lekòl riske e danjere sa a, n ap antere avni jenès la nèt nan manje tè akoz monte gaz la, lè sa, sak rive nou nan lari a nou pa responsab.

Nap raple Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdès la, di li pare pou resevwa elèv lekòl lendi 3 oktòb 2022 an.




Comments are closed.