PWOGRAM MINISTÈ ANVIWOMAN POU KEK MOUN KI PLIS NAN NESESITE.

1,170

01-26-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRioLAND) Pou ede kèk moun kap pran plis sakad raze ou ekonomik, gouvenman Doktè Ariel Henry an, atravè ministè anviwonman (MDE) kreye 3,492 dyob globalman pou yon ti bout tan trè limite.

Pou sa te rive posib nan Jeremi, depatman Grandans lan, selon minis anviwonman an, Enjenyè James Cadet, direksyon depatmantal ministè a ke Mesye Kelly Maxia ap dirije, te travay nan tèt kole ak majistra yo, delegasyon depatmantal lan, e òganizasyon nan sosyete sivil lan.

Benefisyè yo kite travay nan anviwoman lakay yo tankou, fè lapwòptay, netwaye sous dlo bò lakay yo, netwaye mazi dlo sal ak lot ankò.

Ansanm malerèz ak malere ki resevwa sou telefòn atravè “Mon Cash”, yon montan 9,144goud, montre klèman koman djòb la ede rezoud kèk pami pwoblèm ke yo te genyen; e yo mande gouvenman an, pou toujou panse a yo menm, peyizan, malerèz, malere ki ap viv nan zòn rekile yo.

Bò kote, minis James Cadet, li fè konnen se yon “boukannen” ou yon “tann bouyi” ki arive fèt ak fèb mwayen leta a; ministè anviwonman ap toujou panse ak sa ki fèb yo.



Comments are closed.