Asosyasyon Devlopman Sekirite Dayiti, mande pwopriyetè ponp yo nan Tigwav pou vann gaz la nan pri leta fikse a.

801

09-05-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès lendi 4 septanm 2023 a, Asosyasyon Devlopman Sekirite Dayiti (ATIDESH) mande pwopriyetè ponp yo nan Tigwav pou vann gaz la nan pri leta fikse a, ki se 570 goud, epi tou yo denonse fo galon gaz yo di, y’ap vann chofè taksi yo.

ATIDESH deklare, li pa nòmal pou pwopriyetè ponp yo ap fè 40 goud sou chak galon gaz; anplis, sa leta deja bayo kòm benefis ki evalye 360 mil goud sou yon kòmand 9 mil galon mete sou sa, y’ap pete kòtòf lestomak chofè yo ak fo galon gaz.

Nan sans sa a, Asosyasyon pou Devlopman Sekirite Dayiti (ATIDESH) mande komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la Mèt Pierre Elioth Paul, pou mete aksyon piblik an mouvman kont tout pwopriyetè ponp yo. Se yon seri malfèktè ou kriminèl ki pa respekte pri leta fikse galon gazolin nan a 570 goud.

Comments are closed.