Pòdpè an kolè : Sitwayen Site Kapwa Lamò Kritike pou yon nyèm fwa jesyon kè plen Majistra Josué Alusma a

227
0
Share:
TRiboLAND

02/12/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen nan Site Kapwa Lamò leve vwa yo kont Majistra Josué Alusma pandan li t ap prezante yon kamyon ponpye ak yon anbilans nan vil Pòdpè. Daprè moun ki te rasanble anfas plas Dam Pòdpè a, yo konsidere demach sa a kòm yon senp “chobiz” nan yon epòk kote vil la ta dwe deja gen sèvis ijans modèn ak enfrastrikti ki byen fonksyone. Pou yo, nan 21e syèk la, pote ekipman pa sifi si pa gen yon plan reyèl pou amelyore kondisyon sekirite piblik ou lavi popilasyon an.

Manifestan yo soulinye ke pi gwo tèt chaje vil la se sitiyasyon malouk li ye koulya, ki pa lòt bagay ke Josué Alusma, yon enpostè ki sou-kalifye e kap trenen yon vil nan efondreman ak krate santi depi plis pase 10 lane kòripsyon ak idyosi. Pwotestatè yo fè konnen gen plizyè zòn ki vin tounen espas abandone akoz ensalibwite, pil fatra, labou ak dlo santi k ap koule nan lari yo. Selon yo, apre plis pase dis lane nan tèt Mèri Pòdpè a, bilan an bay kè plen, e vil la ap plonje pi fon nan dezòd ak degradasyon anviwònmantal.

Anplis kesyon ensalibwite a, gwoup la lanse akizasyon grav sou fason lajan ki te dwe sèvi pou netwaye chan ak amelyore anviwònman vil la ta depanse san rezilta vizib. Gen menm moun ki fè alizyon ak yon èd 10 mil dola ameriken yo pretann blan Menonit te bay pou netwayaj chan an nan kad preparasyon pou avyon desann. Daprè yo, popilasyon an pa janm wè klè sou itilizasyon lajan sa yo.

Nan yon ton ki chaje ak fristrasyon, sitwayen sa yo lanse yon apèl bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou pran dispozisyon rapid kont Majistra Josué Alusma. Yo estime pasaj li nan tèt Mèri Pòdpè a se yon kansè ki reprezante yon katastwòf total e yo mande pou yo mete yon lòt direksyon konpetant, eklere, pwòp e ki kapab retabli espwa ak konfyans nan yon popilasyon ki pa sispann viktim anba men administratè abolotcho e idyo.

Nap raple, yon pwatik ki trè kouran lakay swadizan majistra vil Pòdpè a, se itilize sa lòt antite fè komin lan kado kòm don e itilize yo kòm evidans pou jistifye reyalizasyon Meri parazitè a kap pran kredi pou sa li pa reyalize nan krate santi. Kidonk, nan sa ki genyen pou wè avèk kamyon ponpye e anbilans lan, anpil moun ta konfime ke se yon don bò kote yon dyaspora, ki te oblije espedye veyikil yo anba kouvèti Meri a.

Share:

Leave a reply