Repiblik Dominikèn enkilpe yon ansyen minis Jistis

2,445

07-04-2022

Sen Domeng, RD_____(Triboland) Se yè samdi 2 jiyè 2022 a ke 2 prokirè anti-kòripsyon ki rele Yeni Berenice Reynoso ak Wilson Camacho sèvi vè minwi dosye kòripsyon Méduses la.

Livrezon yon parèy zak akizasyon gen pou wè avèk ansyen minis Jistis Jean Alain Rodriguez ki se prensipal akize a, te depoze nan tribinal Ciudad Nueva ki nan Sen Domeng, kapital la.

Prokirè Luisa Liranzo deklare ke zak akizasyon an delivre egzakteman vè 23 zè 42; e se youn nan dosye ki pi byen konplete nan sans konpile tout kalite prèv avèk plis pase 50 akize e 3000 prèv ki genyen pami yo blanchiman tchotcho, fwod etatik ak detounman wout krochi yon santèn milyon dola blan meriken.

Comments are closed.