Machann Site Christophe yo an kolè, yo di “aba desizyon Majistra Okap la” sou deplasman mache Clyni

03/05/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Machann ki ap vann nan zòn Site Christophe nan vil Kap Ayisyen leve kanpe pou pwoteste kont desizyon majistra a pran pou leve mache Clyni ki chita nan Ri 9. Desizyon sa a vini aprè mache a te fin pran gwo dife nan mwa janvye ki sot pase a. Daprè machann yo, olye otorite yo ta ede yo remete espas la sou pye, yo chwazi deplase mache a san okenn plan klè, sa ki mete anpil nan yo nan gwo kè sote.
Machann yo pa kache fwousstrasyon yo tou kont ajan otorite lokal yo ansanm ak Minis Enteryè a, Paul Antoine Bien‑Aimé. Yo akize responsab yo dèske yo te fè fo pwomès ak yo aprè dife a, pandan yo di jiska jounen jodi a yo poko resevwa okenn asistans finansye. Sitiyasyon sa a vin agrave lavi plizyè fanmi ki pèdi machandiz yo nan dife a, e ki ap lite pou jwenn lajan pou manje timoun yo, peye sòl ak bank.
Machann yo mande otorite yo pou pito repare oswa reòganize mache a nan menm zòn nan olye yo voye yo lòtbò pon san estrikti. Yo fè konnen yo pa dispoze al vann nan Pon, paske desizyon sa yo pran san planifikasyon ap mete aktivite ekonomik yo an danje. Daprè yo, si pa gen bon dyalòg ak bon solisyon, tansyon an ka kontinye monte ant machann yo ak responsab yo.






