Etidyan nan vil Pòdpè ap pran lari demen pou mande jistis pou Grégory Saint-Hilaire

284

10\08\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Etidyan plizyè fakilte (Valparaiso, UNDH, UEH,UPNOPP) nan Nòdwès deside òganize yon mach pasifik atravè vil Pòdpè demen vandredi 9 oktòb 2020 saa pou al mande jistis pou kanmarad yo Grégory Saint-Hilaire ki te mouri anba bal malfwa Palè Nasyonal (USGPN) senmenn pase a.

Se yon mach k ap 100% pasifik k’ap demare devan Inivèsite Piblik la (UPNOPP) pou al bout devan delegasyon Nòdwès la, selon pòtpawòl etidyan yo, François Wadnel, ki di yo p ap pran fwa sa “ l’enquête se poursuit” nan men ekip PHTK a, ki se Plonje Haiti Tou Kanpe.

Etidyan yo nan Nòdwès mande pou peyi a leve kanpe kont rejim kriminèl sa a ki pa gen lòt bagay nan ajanda li ki se touye pitit peyi a pou bon plezi li.

Saint_Jean Wiskis

Comments are closed.