Yon aksidan trajik yon machin nan Obè lakoz plizyè moun mouri

334

10\06\20

Obè, Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon machin ki tap soti Pòdpè pou antre Gro Mòn arive fè loupinn nan yon falèz maten an nan zòn Obè, yon lokalite ki trouve’l a kèlke kilomèt vil Pòdpè nan depatman Nòdwès. Machin sa ki se yon Toyota rouj imatrikile : TP-68062 alafwa kandale desann nan falèz e plonje sou tèt nan yon rivyè tou, okazyone plisyè moun mouri.

Selon temwen, se ta yon lòt machen ki okazyone chofè a pa arive jwenn espas e kapote kandale desann disèt otè nan yon ravinn. Malgre mannèv pote sekou yo pou yo te arive sove lavi yon ti bebe ki te arive mouri aprè ke li t’ap bat nan dlo a. Sekouris yo pat kapab arive retire lòt viktim yo anba dlo e anba machin nan.

Malgre dilijans, li te jous aprè midi, oken otorite pa janm mete pye pou fè konsta e menm fè mannèv pou te retire machin nan yon fason pou rekipere kò yo ki te anba dlo.

Comments are closed.