Yon klinik mobil òganize nan lokalite Kab Destre , Ba Tapyon, 12èm seksyon kominal Tigwav.

03 – 28 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Sou insyativ ansyen depite komin Tigwav la, Germain Fils, ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) òganize yon klinik mobil vandredi 27 mas 2026 la, nan lokalite Kab Destre, Ba Tapyon, 12èm seksyon kominal Tigwav.
Selon doktè anchèf klinik mobil la, Pedro Généus konfime ke genyen anviwon 100 peyizan ki benefisye swen sante. Li fè konnen maladi li plis retrouve lakay abitan yo, se bouton, gratèl, gastrit (lestomak fèmal) , tansyon, ak enfeksyon sitou bò kote fanm yo ak tifi yo.
Doktè Pedro fè konnen depi aprè pasaj yon ouwagan ou byen siklòn, toujou genyen ka epidemi ki deklare e se sa ki lakoz abitan yo trape maladi tout kalite.
Teknisyen medikal la, mande otorite lokal yo nan Tigwav ak responsab yo nan ministè sante piblik ak popilasyon pou voye je gade peyizan yo, paske daprè li, majorite peyizan yo malad pandan l di yo pa genyen lajan pou frekante yon lopital prive.
Peyizan yo sou bò pa yo, felisite ministè sante piiblik ak popilasyon (MSPP) ak ansyen depite Komin Tigwav la, Germain Fils ALEXANDRE ki pèmèt yo benefisye swen sante sila a ke yo konsidere yon bon bagay. Yo mande otorite yo pou lonje men ba yo, paske yo presize yo konsilte se vre, yo jwen medikaman, men si yo pa jwen swen alimantè, se lave men epi siye’l atè.






