FÒS NOU: proteste kont konpayi Digicel ak Natcom pou sèvis “kase ponyèt” ak “bèbè” nan Nòdwès

382

10\06\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) FÒS NOU, ki se fòs nòdwès ini, ki genyen nan tèt li Paul Eli Faustin rive òganize jounen madi 6 oktòb 2020 an yon mouvman manifestasyon pou mande ou revandike bon jan kalite sèvis ki marye ak dwa sibjektif popilasyon kapwaz la.

Dapwè divès pankat ke manifestan yo te pote, moun te kapab remake latriye revandikasyon sa yo se te lonje dwàt jouda sou konpayi telefòn Digicel ak Natcom ki pa sispann deplimen kliyantèl nòdwès la nan vòlò minit ou kase ponyèt yon popilasyon ki deja ap resevwa yon sèvis “bèbè” ou “son vonvon” ki pa egziste nan oken peyi nan Karaib la. Sa ki pirèd gen nan manifestan yo ki ta menm mande retou “Teleco” malgre mouvman kabin nan.

Yon manifestasyon ki te tanmen nan riyèl Alexis pase devan biwo Digicel pou al bout douvan biwo Natcom nan. Pwotestatè yo ki te finn anraje t ap lanse vye pwopo tankou: Digicel – Natcom sispann vòlò minit; si w paka bay sèvis bay talon w; e yo men mande leta ayisyen pou ouvwi mache ak lòt konpetitè pandan y’ap mete yon bout nan kontra 10 lane konpayi sa yo ki rive nan fin yo.

Pou fini, chèf opozisyon an msye Paul Elie Faustin di li pa posib pou se nòdwès rezo kominikasyon sa yon sa yo ap mal trete. Dayè, se pran yo pran e y’ap fè richès san yo pa menm envèsti nan sosyàl nan yon fason ki djanm nan depatman an. Faustin kontinye poul mande ak responsab rezo sa yo chanje movèz kalite sèvis sangwen sa yo sou depatman nòdwès la ki kontinye fè moun regrete “Teleco”.

Nap raple, Digicel ak reselè li Natcom, kon pafwa pran yon jou ou 2 jou pou delivre yon “tèks” oubyen yon “foto” pou nou pa di yon “video”!

Genson HYPPOLITE.gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.