Nòdwès: Jovenel Moise inogire yon sant jèmoplas nan twazyèm seksyon Obè

302

09\27\20

Obè, Pòdpè____(TRiboLAND) Yon delegasyon ki genyen nan tèt li prezidan repiblik la Jovenèl Moïse, PM Joseph Jouthe, minis anviwònman an Abner Septembre, reprezantan UNESCO, NATIONS-UNIS, Johnson Dieujuste ak divès lòt minis te debake nan twazyèm seksyon Obè pou inogirasyon yon sant jèmoplas, jounen jodi samdi 26 septanm 2020 an.

Prezidan repiblik la nan sikonstans lan, voye yon chay remèsiman bay peyi Taiwan ki te kenbe pwomès li; e li te finanse sant sila a yon otè de 2 milyon 500 mil dola US.

Yon lòt bò, prezidan an soulinye konsekans debwazman peyi a ap sibi a date depi plizyè syèk; li mande peyi ki te kon eksplwate bwa nan peyi a, sipò ak konpreansyon yo yon mannyè pou korije dega yo lakòz yo.

Pou fini, prezidan repiblik la, soulinye ke yo deja plante yon krèy plantil ki estime a 5 milyon 300 mil divès kalite nan sant jèmoplas sila ki pral fasilite enplemantasyon yon pwogram kap pèmèt elèv lekòl yo plante pye bwa apati mwa novanm kap vini la e rive genyen nòt nan kanè yo pou matyè “rebwazman”, tankou sa fèt nan yon pakèt lòt peyi.

Genson HYPPOLITE, gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.