Fanmiy ak zanmi etidyan Grégory Saint Hillaire

225

Pòdepè
Dimanch 4 oktòb 2020

*MENSH* : Mouvement des étudiants engagés pour un nouveau système en Haïti & *FUNOH* : Forum des Universitaires du Nord-Ouest d’Haïti

Fanmi ak zanmi etidyan Grégory Saint Hillaire,

Mouvman etidyan angaje pou yon lòt sistèm an ayiti (MENSH) & Forum des Universitaires du Nord-Ouest d’Haïti (FUNOH) aprann avèk anpil dezolasyon nouvèl lanmò Grégory ST Hillaire, etidyan lekol nòmal siperyè nan pòtoprens kote ke inite espesyalize nan Palè nasyonal yo (USGPN ) krible anba bal nan lannwit vendredi 2 oktòb la nan lokal fakilte a menm, malgre kamarad li yo te fè anpil manèv pou te rive avèl nan lopital jeneral, men sitiyasyon l te vin konplike pi grav paske li pat jwenn medsen pou te bali ti gout laswenyaj.

Depi kèk tan nou konstate fenomèn ensekirite ki genyen nan peyi an pa epanye pèsòn, lè nou konsidere kantite masak kap fèt sou popilasyon an, sou moun ki nan katye popilè yo, sou ti machann ki nan sektè ekonomik enfòmèl la, lè nou gade kantite jounalis kap mouri nan peyi a, lè n imajine kantite polisye kap tonbe, lè n sonje batonye lòd Avoka potoprens la Me Monferrier DORVAL ke pouvwa PHTK a asasinnen lakay li, mete sou kantite etidyan kap tonbe pou rive sou Grégory Saint Hillaire, nou konstate peyi a pap dirije, e n’ap makònen vwa nou ansanm pou nou mande jistis pou tout moun ki viktim anba men rejim phtk a patikilyèman Grégory Saint Hillaire ke bandi legal phtk yo asasinen pandan li tap mande entegrasyon pou nouvo enseyan yo nan sistèm edikatif la.

Nou konstate pi gwo bagay rejim sa a fè se voye vann etidyan ak pwofesyonel nou yo nan lòt peyi tankou Brezil, Chili, Sendomeng, Kanada Etazini elatriye. Sak pi rèd la, grenn etidyan ki deside rete pou sèvi peyi a, pouvwa a deside asasinen yo.

Fwa sa a nou di se twòp atò, nou fout bouke nan yon peyi ki pa gen travay, paran yo ap fè dlo tounen bè pou fè ledikasyon pitit yo epi yap mouri nan move kondisyon.

Nou bouke wè yon leta ki ap depafini de jou an jou akoz li pa gen bon dirijan, nou bouke wè moun kap mouri nan peyi a paske pa gen bonjan lopital, poutan lajan petwokaribe a te ka itil nou nan sans sa a.

Nou di non ak enjistis non ak diskriminasyon non ak eksklizyon sosyal, non ak enkonpetan, nou vle se moun ki konn wout la ki pou mennen nou, nou vle pou bon jan sekirite blayi sou tout fòm nan peyi a, konsa na kanpe robinè san kap koule nan peyi a patikilyèman *frè ak sè etidyan nou yo kap koule chak jou tankou Grégory Saint hillaire.*

Pou nou fini n’ap di Grégory Saint Hillaire ou devan, nou konnen w pap ale anpè paske se pa konsa ou tap renmen pou w ta vwayaje, san w ki koule a ap sèvi seròm pou nou kontinye batay ak rejim sanginè sa a pandan nap mande tout fòs viv nasyon an, etidyan toupatou nan peyi a, prive tankou piblik leve kanpe pou nou chanbade sistèm malatchong sa a.

Jistis ! Jistis ! Jistis ! Jistis ! Jistis ! Pou Grégory Saint Hillaire!

MENSH
Anderson PIERRE (+509)3556 7878 ; Kervenson MARTIAL (+509)42406998; Wadnel FRANÇOIS (+509)33 59 6684; Dukens AUGUSTAVE (+509)46300109; Wathson CALIXTE (+509)33110008; Mackenson OSSAM FUNOH (+509)43169208; John Kerry CEDIEU FUNOH (+509)31386059

Comments are closed.