Pòdpè: Yon gwo lapli okazyone inondasyon ak gwo dega nan zòn lakòn

232

10\05\20

Lakòn, Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan lanwit 4 oktòb pou rive 5 oktòb, yon gwo lapli san zatann deklare nan komin Pòdpè ak zòn vwazinant yo notamman Lakòn, lakòz inondasyon ak gwo dega nan divès plantasyon banann peyizan yo.

Yon sitiyasyon ki vin mete absè sou klou, akòz peyizan kal pran kout ponya labank pou fè Jaden,e koulya pran nan roulo ak 2 bwa balanse.



Nan moman gro mizè rere sa, peyizan yo pou koulya mande ak nouvo direktè depatmantal agrikilti a msye Agronòm Charite Louis gade nan ki nivo ministè l ap sèvi a kapab bay yon bourad, yon mannyè pou rive wè kouman yo kapab amelyore sò yo.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.