Bandi sangwen Vitelhomme yo asasine anba bal komisè prensipal polis Kwà Dèboukè, Bact Angellot

1,341

10-18-2022

Taba, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis ant bandi sangwen “400 Mawozo” tap boukante kout zam nan zòn Mayi Gate nan Taba, daprè sa otorite polisyè yo fè konnen jodi 18 oktòb 2022 a.

Nan mitan afrontman yo, Khadhafi Anglade ansanm ak Shouldson Prédélus tonbe aba bal fòs lòd yo nan moman yo tap jwe marèl pou rejwenn lòt manm gang 400 Mawozo yo.

Paralèlmam, presume bandi sangwen chèf gang Vitelhomme yo ta krible anba bal maten an devan lakay li, komisè prensipal Polis Kwà Dèboukè a, Bact Angellot. Selon sous polisyè, komisè Angellot resevwa yon bal nan tèt e yon lòt nan kou, alòske sangwen yo te mache pòs yo san kontrent ou san laperèz.

Comments are closed.