Me Dumesle Elines: nouvo batonye ki elu nan tèt bawo Pòdpè a

249

09\30\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) nan yon kous ki te genyen 3 kandida toufe tou lumen e ki pase de prezantasyon nan sa ki genyen elegans ak konpetans pou metrize nosyon dwa yo: Me Dumesle Elines, Me Dubréus Kerly, ak Me Jean Baptiste Mocles se te 3 enterese ki tap fè bwas pou arive gen kontròl baton an ke Me Job Louis, batonye sòtan an ki te deja boukle 2 manda.

Anbyans kanpay la pran fen jodi mèkredi 30 septanm 2020 an. Me Dumesle Elines arive jwen benediksyon anba je avoka yo avèk 37 vwa;  Me Jean Baptiste Mocles 28 vwa e Me Dubréus Kerly 19 vwa. Sepandan, Me Estimond Gamas, ki pat genyen oken kandida anfas li arive Sekretè jeneral avèk 81 vwa sou 85.

Nap raple, Me Dumesle te sekretè bawo Pòdpè a pandan 2 mande konsekitif sou Me Job Louis ki pral pase baton a yon nouvo leadership anba lobedyans batonye antran an, Me Dumesle Elines.

Comments are closed.