Trump mande yon rekontaj bilten nan Georgie

210

11\22\20

Georgie____(TRiboLAND) Presidan Trump mande yon rekontaj bilten nan eta Georgie aprè ke rezilta yo montre ke se Joe Biden ki ranpòte viktwa nan eta a.

Ekip legal Trump la mande yon rekontaj alamen samdi nan Georgie ki te konfime vandredi a ke se Biden ki genyen eta Sid la; premye kandida demokratik prezidansyèl ki arive genyen Georgie depi 30 lane.

Sekretè deta repibliken an, Brad Raffensperger konfime rezilta eleksyon eta a, kote ke Biden arive kale Trump avèk 12,670 vot sou 5 milyon, oubyen 0.25%. gouvènè repibliken Kemp Brian te finalman sètifye kontaj eta a ki genyen 16 prezidansyèl elektoral vot.

Ekip kanpay Trump lan genyen 2 jou devan li pou li fè yon demann rekontaj nan Georgie. Ekip legal la deklare egalman ke yo konte fòmule konplent yon legal nan eta a, sepandan yo poko di tròp detay sous a.

Akizasyon Trump yo kontinye ap ajite baz prensipal repibliken an. Yon pakèt santèn fanatik Trump te fè aparisyon yo devan Chanm Depite a nan Atlanta yè samdi 21 novanm nan. Yo tap lanse yon krèy video sou rezo sosyàl yo pou denonse media a ki chita ap di ke se Biden ki genyen eleksyon an. yo te denonse tou, Gouvènè Georgie a ki se yon repibliken, Brian Kemp ki te jistifye rezilta yo. Pandan tan sa tou, yon lòt group kap defann viktwa Biden, te kanpe an paralèl; polis te oblije kanpe an pozisyon 2 pou anpeche derapaj.

Comments are closed.